Ayiti ak Vodou: Kiyès Ki Aprann ou Pè Pwòp Tèt ou?

Ki moun ou ye? Kibò w’ soti? Pale m’ de lakay ou. Tout kote m’ pase nan lakou Lafrans, se kesyon sa tout nèg nwa ap poze m’.  Lè m’ di America, yo gade m’, epi yo mande m’ anko. “Kibò OU soti wi m’ mande w’?

Byenpetèt de lane anvan, si w’ te mande m’ sa, repons mwen ta p’ byen diferan de Jodi a. Sou misyon m’ pou m’ antre nan nannan peyi m’, Jodi a gen dimansyon mwen apenn touche ki banm on diferan pèspektiv nan koze kisa Ayiti a ye menm, e kisa mwen vle di lè m’ rele tèt mwen Ayisyèn.

Si yo te poze m’ kesyon sa yo de lane de sa, mwen ta pale yo de Catherine Flon, vole kap, akasan, mayi bouyi ak lago kache. M’ ta di yo koman nou balanse gwo lo sou e anndan tèt nou, menm si ou wè do nou dwat e mach nou se on dans, on envitasyon, on lapriyè.

M’ ta pale de kijan nenpòt kote ou ye sou zile a, jis vire tèt ou, w’ ap wè yon mòn. Mòn yo tèlman wo, lombraj yo tèlman gwo, se tankou tout tè ap anbrase w’. Ahh wi, dèyè mòn gen mòn vre.

Istwa sa a..

Youn nan mòn mwen yo se te on bon zanmim. Pi bon zanmim. Li te renmen m’, men te gen kondisyon. Fòk mwen te adore l’, fè tou sa l’ vle m’ fè. Lè m’ pa fè chen dèyè l’, li pini m’. Lè mwen poze kesyon sou vrè moralite aksyon li te vle m’ pran yo, li di m’ sa l’ konnen se pou li, sa m’ konnen se pou mwen.

Repons sa a te sanble satisfè tout moun bò kote m’. Men mwen menm, m’ te vle on vi ki pi rich, m’ te vle wè lavi a jan li ye a. M’ pa t’ ka kontinye kite lòt moun defini reyalite m’.

Yo vann mwen istwa sila a san sèl ni piman. Yo fè m’ repete, montre m’ koman pou m’ bouche nen m’, vale. Yo di m’ se li ki eksplike lavi m’. Mwen pase on bon tan, petèt lè m’ te gen nèf ou dizan, ap eseye dekòtike koman listwa izrayelit yo konekte ak listwa pa m’. Koman nou se menm yo menm lan, men istwa nou te gen on diferan trajektwa. Se nan kalite toubiyon sa nou kontinye plonje timoun yo, ki pa konnen ni ki moun yo ye, ni kibò yo sòti, ni kòman pou yo pale de lakay yo.

Depi m’ ti kat kat mwen renmen on bon istwa. Listwa Jezikri a te toupatou. Li te plen tou, e sa te toujou banm pwoblèm, men ki lòt chwa m’ te genyen? Yo te bat tout tèt zansèt mwen yo, anchennen pye yo, e trennen yo rive anba lakwa a, nan basen an, pou remèt vi pèsonèl yo a bon zanmi yo, pi bon zanmi yo, Granmèt la. E lè m’ di kraze tèt yo a, m’ pa fin konnen kiyès nan imaj sa yo ki pi ansanglante. Metafò a oubyen jis pwòp evidans etidyan Listwa pote ba nou?

“Fuir le naturel, il revient au galop”

Mwen pase anpil tan ap li tout sa m’ te ka jwenn sou Istwa mitolojik Grèk la lè m’ te piti. Tout sa m’ te vle se te pou mwen jwenn diferan fason moun ka òganize lavi a. Gen yon kalite de malalèz ou santi lè w’ ap fòse kwè on bagay ki pa pou ou. Li jis pa pou ou. Men ou repete, ou leve, chita, kanpe, ajenou, kouche, naje pou w’ rete paske ki lòt opsyon ki nan men w’? “Derespekte” fanmi w’?

Men se konsa w’ reyalize ke lè ou panse ou rive nan fon koridò a e ou pa gen okenn lòt kwen pou w’ rantre, ou finalman wè ke ou vrèman nan on kalfou, e ke ou ka ale nenpòt kote w’ chwazi.

Se konsa m’ rive devan pòt lakay mwen, nan mitan Lwa yo, ap aprann on lòt jan pou m’ wè tè sila a, tè sa a zansèt mwen yo te goumen pou kite pou mwen an. Non sèlman ti moso nan mitan lanmè a, men tout glòb la, tout oseyan yo, tout mòn yo, rivyè yo, nan tout kontinan yo, yo tout se pou mwen, e gen yon fason pou m’ wè sa, e pou m’ apwoche chak, komanse ak Onè e Respè.

Sòt ki bay, enbesil ki pa pran?

An Avril pase a la, mwen vwayaje ale nan twa peyi ki te vrèman bèl, enteresan, chaje kòb ak moniman istorik, gwo legliz…O Instagram mwen te chaje. Itali, Lawolann, ak Lafrans, twa peyi ki te dirèkteman responsab konplo toupizi ni lespri ni avni peyi Ayiti ak tout lòt zile nan Karayib la. Se yon panse ke m’ pa t’ vrèman ka bliye tout kote m’ ale.

M’ rive nan Musee du Quai Branly nan mitan Pari. Se yon mize ki chaje on pil ak on pakèt atik kiltirèl ak istorik, eritaj de premye moun, endijèn ki te abite nan Lafrik, Lazi, Loseyani, ak Amerik yo. Deja Desalin mwen ap satiyèt mwen paske m’ ap peye pou m’ vin gade pwòp bagay mwen ankò. Men mwen te vle pase on ti tan, aprann on bagay nouvo de tèt mwen nenpòt kote m’ ka jwenn li, paske mwen toupatou, mwen lakay mwen tout kote m’ rive.

Mwen finalman rive nan seksyon kote yo mete atik Ayiti yo. On gwo drapo ti klere ak vèvè Ogou kanpe, on lòt montre fanmi Gede yo, sa ak de twa lòt atik Vodou reprezante lakilti endijèn yo an Ayiti. Tou prè te gen lòt atik de lòt pratik nan zile vwazen nou yo.

M’ vire epi nan on kwen epi mwen wè yon gwoup etidyan ki chita ap tande pwofesè yo k’ap pale. Sèl tifi nwa ki nan klas la poze on kesyon an referans de on rechèch ki soti kèk lane de sa ke de blakameriken ekri ki di ke pifò atik nan mize sa a, ak lot mize ki gen men kalite atik sa yo, se vòlè moun blan te vòlè yo.

Pandan m’ ap ri nan tèt mwen e m’ap voye fòs ba li, Pwofesè a komanse reponn. Agiman li an se ke rechèch la fè on jeneralizasyon, petèt sa rive kèk kote pou kèk atik, men fòk nou ta gade chak atik grenn pa grenn pou nou wè kibò li soti. Li kontinye pou l’ di: “Anplis, lè moun yo te konvèti e vin kretyen, yo pa t’ gen okenn bezwen de atik relijyon Animis sa yo ankò e yo te fè kado yo oubyen jete yo.”

E ou konnen sa k’ fè san m’ plis tresayi a? Se paske kounya m’ konnen nan ki kalite soufrans di yo te detounen zansèt mwen yo de pwòp eksplikasyon yo de lavi yo.

De lane de sa, si m’ te tande sa, m’ ta ba li on ti chenn, m’ ta eseye konprann li. Men jou sa a, m’ pa t’ kapab. M’ te gentan li rechèch Pwofesè Ayisyen Laennec Hurbon te gentan ekri pote ban nou nan “Dieu dand le Vaudou Haitien”. Jou sa a, m’ gade fi a, epi m’ vire gade kote m’ ye a. Yo bati on gwo kokennchenn biznis sou do tout kilti sa yo, e defans to se paske Nou pa t’ bezwen zouti sa yo? Men yo menm yo te bezwen yo, pa vre? Yo jwenn on bon jan pou itilize yo pa vre?

Kijan w’ konprann Istwa w’?

Plis ke 100 lane aprè lesklavaj sispann an Ayiti, nan lane 1940, legliz Katolik la lanse on kwazad kraze brize, on konplo lavaj lespri ke yo te rele “Operasyon Netwayaj”.

Laennec Hurbon montre nan liv li a, kopi liv Katechis kote legliz la t’ ap fè moun yo repete ke pwòp kwayans yo, menm sa ki te ba yo fòs soti anba jouk lesklavay la, se zafè Satan. Ki Satan? On prensip ki pa t’ janm egziste nan okenn listwa kwayans Afriken yo jiskaske yo rankontre ak listwa Jezikri a.

Yo lave tèt moun yo, yo lonje on ranplasman ba yo, e yo di se sèl li ki valab, se sèl li ki fè sans. Yo derasine moun yo, replante yo nan on kilti ki dimilyon lane dèyè nan panse yo. Yo detwi tamp moun yo, yo koupe pye bwa, yo rache timoun yo pyès pa pyès.

Ah Ayiti cheri, fòk mwen te lèse l’ vre pou m’ te ka byen apresye tout sa li ye vre. Bèl mè pa manman vre, e poutan se lakay zòt m’ap vin konprann tèt mwen. Se lakay zòt selman M’ ka jwenn liv Franketienne ak Dany Laferrière. Se lakay zòt m’vin resi aprann kisa Vodou a ye. E pouki?

Yo rele nou djab, e nou dakò. Yo di kilti nou san valè e nou fè liy, ouvè gagòt nou pou nou vale lesentespri. Nou konstwi on mond men nou aksepte eksplikasyon ke yo bannou de li. Ogou frape pye l’ atè, Dantò leve flanm kouraj anndan Nou pou nou te ka libere tèt nou e nou lage jenou n’ atè pou nou di mèsi Jezi.

Men pouki?

M’ pa Manbo ni m’ pa vin preche. Li pa nesesè pou nou kwè ni pou n’ pratike. Men kesyon ke m’ ta renmen nou chak poze se pouki? Pouki yo fè tout efò sa yo pou detwi ni eritaj nou, ni atachman nou a li? Pouki yo te lanse tout on kwazad pou fè Nou pè pwòp tèt nou? Pouki kwè nan Kretyennte te nesesè pou nou te ka vin dosil e devni on “bon” esklav?

Petèt se paske yo reyalize ke Spirityalite on pèp se rasin li, se sak ede li kenbe limanite l’, se sak fè l’ realize ke pa gen tou ki twò fon pou li, ni branch ki twò wo. Lè sprityalite w’ aliye ak reyalite lavi w’, reyalite listwa w’, se on lòt stad konesans.

Men sa ki te pi enpòtan pou mwen an se ke menm si m’ pa t’ pratike l’, ni kwè nan li, fòk mwen te chache konprann li e konnen l’. Fòk mwen te apwoche l’ avèk onè, respè, san pè, san wont. Paske si m’ pa konn anyen, m’ konnen ke m’ pa ka konte sou zòt pou m’ aprann istwa m’. Sa yo di ak jan yo di li pa p’ janm nan plan pou banm fòs. E zansèt yo, Lwa yo te fè twòp pou nou kite devwa pale de yo, devwa aprann timoun yo, devwa ekri de aksyon yo nan men zòt.

Lè na va sispann kouri dèyè blan an ak lejand li yo, se lè na va reyalize tou richès ki anndan nou, ki nan peyi nou, ki nan istwa nou, ak nan kwayans Nou. Ayiti se bouyon, non paske nenpòt ka vin foure zago yo pran vyann, men paske li ba w’ tout sa w’ bezwen pou soutni w’. Men fò w’ byen gade. E fò w’ byen konprann. Nou gentan gen tout sa Nou bezwen pou n’ reyisi. Paran nou yo te fè plis ak mwens. Men yo te konn tèt yo, e yo pa t’ pran misyon yo pou piti.

Ki moun ou ye? Kibò w’ soti? Kibò w’ prale? Repons ou janm chanje?

Leave a Reply

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out /  Change )

Twitter picture

You are commenting using your Twitter account. Log Out /  Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out /  Change )

Connecting to %s